Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te antre nan pitit fi a lòm yo, e te fè pitit avèk yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo.
Nonb 13:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen La, osi, nou te wè jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.” 1998 Haïtienne Sa ki pi rèd, nou wè yon kalite grannèg bèl wotè, moun ras Anak yo. Devan moun sa yo se krebete nou ye, tèlman nou piti. Se konsa nou te santi nou devan yo. |
Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te antre nan pitit fi a lòm yo, e te fè pitit avèk yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo.
Li te touye yon Ejipsyen, yon nonm gran wotè a senk koude. Alò, nan men Ejipsyen an, te gen yon lans tankou shaf a aparèy tise a; men li te desann kote li avèk yon baton, te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans pa li a.
Se Li menm ki chita anwo wonn tè a ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan; ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.
Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.)
“Sepandan, pèp ki rete la yo, gen fòs, vil yo byen fòtifye, byen gwo. Anplis, nou te wè desandan Anak yo la.
Kibò nou kab monte?’ Frè nou yo te fè kè nou fann. Yo te di: ‘Pèp la pi gran e piwo pase nou! Vil yo gran e fòtifye jis rive nan syèl la!’ Anplis, nou te wè fis a Anak yo la!”
“(Avan, se te pèp Émim ki te rete la; yon gwo pèp, gran an kantite, e wo menm jan ak Anakim (jeyan yo).
(Paske se sèl Og, wa Basan an ki te rete kòm retay a Rephaïm yo. Gade byen, kabann li te fèt an fè. Èske li pa nan Rabbath, vil a fis Ammon yo? Longè li se te nèf koude e lajè li se te kat koude nan koude a yon moun.)”
Yon pèp ki gran e wo, fis a Anak yo jeyan yo, ke nou konnen e te tande yo di: ‘Kilès ki kab kanpe devan fis Anak yo?’
Josué te vini nan tan sa a, e li te koupe Anakim yo nan peyi ti kolin yo, soti Hébron, soti Debir, soti Anab ak tout peyi ti kolin nan Juda yo e soti nan tout peyi ti kolin an Israël yo. Josué te detwi yo nèt avèk vil yo.
Alò, koulye a, ban m peyi ti kolin yo sa ke SENYÈ a te pale nan jou sa a. Paske ou te tande nan jou sa a ke Anakim yo te la avèk gran vil byen fòtifye. Li kapab ke SENYÈ a va avè m, e mwen va chase yo sòti ladann jan SENYÈ a te pale a.”
Caleb te chase fè sòti la twa fis Anak yo: Schéschaï, Ahiman ak Talmaï, pitit a Anak yo.
Lè Filisten an te gade wè David, li te meprize li, paske li te sèlman yon jennonm figi wouj, avèk yon bèl aparans.