Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 13:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.)

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Yo travèse zòn Negèv la, yo rive lavil Ebwon kote moun Ayiman yo, moun Chechayi yo ak moun Talmayi yo rete. Yo tout te fè pati ras moun Anak yo. Ebwon sa a, se yon lavil ki te bati setan anvan yo te bati lavil Zoan nan peyi Lejip.

Gade chapit la Kopi




Nonb 13:22
21 Referans Kwoze  

lè Li te akonpli mirak Li yo an Égypte ak mèvèy Li yo nan chan Tsoan an.


Li te fòje mirak yo devan zansèt yo, nan peyi Égypte la ak nan chan Tsoan an.


Prens a Tsoan yo pa plis ke moun fou. Konseye a pi saj Farawon yo vin bèt nèt. Kòman nou menm, mesye, nou ka di Farawon: “Mwen se fis a moun saj yo, fis a wa ansyen yo”?


Paske prens pa yo se nan Tsoan e anbasadè pa yo vin parèt nan Hanès.


Konsa, Juda te ale kont Kananeyen ki te rete Hébron yo (alò, non Hébron avan an se te Kirjath-Arba.) Yo te frape Schéschaï avèk Ahiman ak Talmaï.


Prens a Tsoan yo te aji nan foli. Prens a Noph yo te byen tronpe. Sila ki ta ang prensipal a pèp li a fin mennen Égypte nan wout egare.


Fòs tan ke David te wa nan Hébron sou Juda a se te sèt ane avèk si mwa.


Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?” Epi SENYÈ a te di li: “Monte!” Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?” Epi Li te di: “Nan Hébron.”


Konsa, a fis Aaron yo, prèt la, yo te bay Hébron, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li yo ak Libna avèk teren patiraj pa li,


La, osi, nou te wè jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.”


Lè Moïse te voye yo espyone peyi Canaan an, li te di yo: “Monte nan negev la; epi monte toujou nan peyi ti kolin yo.


Sarah te mouri nan Kirjath-Arba (sa vle di Hébron) nan peyi Canaan an. Abraham te vini pou fè dèy pou li, e kriye pou li.


Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a.


“Sepandan, pèp ki rete la yo, gen fòs, vil yo byen fòtifye, byen gwo. Anplis, nou te wè desandan Anak yo la.


Yon pèp ki gran e wo, fis a Anak yo jeyan yo, ke nou konnen e te tande yo di: ‘Kilès ki kab kanpe devan fis Anak yo?’


Alò, Josué avèk tout Israël avèk li te monte soti Églon a Hébron, epi yo te goumen kont li.


epi a sila ki te Hébron yo, ak tout zòn kote David li menm avèk mesye li yo te abitye rete yo.


Epi Jischbi-Benob ki te pami desandan a jeyan yo, avèk yon lans ki te peze twa-san sik an bwonz, te gen yon nepe nèf nan senti l e li te gen entansyon pou l ta touye David.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite