Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 13:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 “Sepandan, pèp ki rete la yo, gen fòs, vil yo byen fòtifye, byen gwo. Anplis, nou te wè desandan Anak yo la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

28 Men, moun ki rete nan peyi a grannèg anpil. Lavil yo gran, yo byen pwoteje. Sa ki pi rèd nou wè yon kalite ras moun grannèg bèl wotè.

Gade chapit la Kopi




Nonb 13:28
12 Referans Kwoze  

Epi Jischbi-Benob ki te pami desandan a jeyan yo, avèk yon lans ki te peze twa-san sik an bwonz, te gen yon nepe nèf nan senti l e li te gen entansyon pou l ta touye David.


La, osi, nou te wè jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.”


Kibò nou kab monte?’ Frè nou yo te fè kè nou fann. Yo te di: ‘Pèp la pi gran e piwo pase nou! Vil yo gran e fòtifye jis rive nan syèl la!’ Anplis, nou te wè fis a Anak yo la!”


yon pèp tèlman gran e anpil, wo tankou Anakim, men SENYÈ a te detwi yo devan yo. Epi yo te chase yo sòti pou te vin rete nan plas yo,


Tout vil sa yo te fòtifye avèk miray ki wo, avèk pòtay byen bare; epi osi, anpil vil ki te san miray.


Pa t gen Anakim ki te rete nan peyi fis Israël yo. Sèlman nan Gaza, nan Gath ak nan Asdod kèk te rete.


Alò, koulye a, ban m peyi ti kolin yo sa ke SENYÈ a te pale nan jou sa a. Paske ou te tande nan jou sa a ke Anakim yo te la avèk gran vil byen fòtifye. Li kapab ke SENYÈ a va avè m, e mwen va chase yo sòti ladann jan SENYÈ a te pale a.”


Caleb te chase fè sòti la twa fis Anak yo: Schéschaï, Ahiman ak Talmaï, pitit a Anak yo.


Alò, yo te bay Hébron a Caleb, jan Moïse te pwomèt yo a; epi li te chase fè sòti twa fis Anak yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite