Nonb 13:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 1998 Haïtienne Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa: |
“Sila yo se non a mesye ki va divize peyi a bannou kòm eritaj nou yo: Éléazar, prèt la, avèk Josué, fis a Nun nan.
“Konsa, nou tout te vin kote m e te di: ‘Annou voye moun devan nou pou yo kapab fè ankèt peyi a pou nou, pou retounen bannou yon pawòl konsènan chemen nou ta dwe monte a ak vil ke nou va antre yo.’
Lè SENYÈ a te voye nou soti Kadés-Barnéa, Li te di: ‘Ale monte pou posede tè ke mwen te bannou an.’ Men nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa t kwè Li, ni koute vwa Li.
Mwen te gen karantan lè Moïse, sèvitè SENYÈ a, te voye mwen sòti nan Kadès Barnéa pou fè espyonaj peyi a. Mwen te mennen pawòl la retounen kote li jan li te ye nan kè m nan.
Epi Josué, fis a Nun nan, te voye de mesye kòm espyon an sekrè soti Sittim. Li te di: “Ale gade peyi a, sitou Jéricho.” Epi yo te ale e te antre lakay a yon pwostitiye ki te rele Rahab. Yo te dòmi la.