Asistan li an te di: “Kisa, èske mwen va mete sa a devan san moun?” Men li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje, paske se konsa SENYÈ a pale: ‘Yo va manje e va genyen ki rete.’”
Nonb 11:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kote mwen ap jwenn vyann pou bay tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m! Yo te di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’ 1998 Haïtienne Kote pou m jwenn vyann pou m bay tout moun sa yo? Y'ap plede plenyen nan zòrèy mwen, y'ap mande m pou m ba yo vyann pou yo manje. |
Asistan li an te di: “Kisa, èske mwen va mete sa a devan san moun?” Men li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje, paske se konsa SENYÈ a pale: ‘Yo va manje e va genyen ki rete.’”
Ofisye wayal la sou men a sila wa a te apiye a te reponn nonm Bondye a. Li te di: “Gade byen, menm si SENYÈ a ta fè fenèt nan syèl la, èske bagay sa a ta kab rive?” Konsa, Élisée te reponn: “Gade byen, ou va wè l ak pwòp zye pa w, men ou p ap manje ladann.”
men yon mwa nèt, jis li vin sòti nan nen nou, e vin abominab pou nou; akoz nou te rejte SENYÈ a ki pami nou, e nou te kriye devan Li pou te di: “Poukisa nou te janmen kite Égypte?”’”
Men Moïse te di: “Pèp pami sila Mwen ye a se sis-san-mil sou pye; sepandan, Ou te di, ‘Mwen va bay yo vyann, pou yo kab manje jis yon mwa nèt.’
Disip Li yo te mande L: “Kibò nou ta twouve kantite pen sa a nan yon andwa izole konsa pou bay yon gran foul konsa?”
Disip Li yo te reponn Li: “Kote yon moun kapab jwenn ase pen isit la pou satisfè moun sa yo nan yon andwa izole konsa”?