Nonb 11:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou sa, Moïse te di SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen? 1998 Haïtienne Lè sa a, Moyiz di Senyè a konsa: — Poukisa ou aji mal avè m konsa? Kisa m fè ki pa fè ou plezi? Poukisa ou mete tout pèp sa a sou kont mwen? |
Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a, paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.
Alò Moïse te kriye a SENYÈ a. Li te di: “Kisa pou m ta fè ak pèp sa a? Yon ti kras ankò e y ap lapide mwen.”
Alò, Moïse te retounen vè SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, poukisa ou pote mal a pèp sa a? Poukisa menm ou te voye mwen an?
Malè se mwen, manman m, ki te fè mwen, yon nonm ki fè twoub leve, yon nonm ki fè kontansyon nan tout latè a! Mwen pa t prete lajan a lòt moun, ni pèsòn pa t prete mwen; malgre sa, yo tout ban m madichon.
Poukisa, doulè mwen an rete tout tan, eblese mwen an reste san gerizon? Èske Ou menm, anverite, va devni pou mwen kon yon sous twonpe, ak dlo sou sila yo pa ka depann?
“Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo, e pou nou mache lamante devan SENYÈ Dèzame yo?
Alò, Moïse te tande pèp la ki t ap kriye pami tout fanmi yo, chak mesye nan pòtay a tant li. Konsa, chalè a SENYÈ a te vin limen anpil, e Moïse te malkontan.
Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a; konsa, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.”
Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou tout legliz yo.