Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 17:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Alò Moïse te kriye a SENYÈ a. Li te di: “Kisa pou m ta fè ak pèp sa a? Yon ti kras ankò e y ap lapide mwen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Moyiz lapriyè nan pye Bondye pou mande li sekou. Li di: — Kisa pou mwen fè ak moun sa yo? Yo sanlè kalonnen mwen wòch touye mwen!

Gade chapit la Kopi




Egzòd 17:4
11 Referans Kwoze  

Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e Samuel te pami sila ki te rele non Li yo. Yo te rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.


Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Poukisa w ap kriye ban Mwen konsa? Di pèp la avanse.


Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous. La menm, Li te fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo pase a leprèv.


Pou sa, Moïse te di SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen?


Men tout kongregasyon an te kòmanse lapide yo avèk kout wòch. Konsa laglwa SENYÈ a te parèt nan tant asanble a a tout fis Israël yo.


Konsa, Koré te rasanble tout kongregasyon anfas yo a nan pòtay a tant asanble a. Epi glwa a SENYÈ a te vin parèt a tout kongregasyon an.


Jwif yo te leve pran wòch ankò pou lapide L.


Konsa, yo pran wòch pou lapide Li, men Li te kache kò Li, e te kite tanp la.


Men Jwif ki te sòti Antioche ak Icone yo te vin parèt e te mennen foul la. Pou sa a, yo te lapide Paul avèk wòch e te rale l sòti nan vil la. Yo te konnen se mouri, li te mouri.


Se pa t men Mwen ki te fè tout bagay sa yo?’


Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite