Wa a te kanpe akote pilye a pou te fè yon akò devan SENYÈ a, pou mache apre SENYÈ a, pou kenbe kòmandman avèk temwayaj li yo avèk règleman li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou akonpli pawòl akò a ki te ekri nan liv sa a. Epi tout pèp la te antre nan akò a.
Alò pou sa a, kite nou fè yon akò avèk Bondye nou an pou mete akote tout fanm yo avèk pitit pa yo, selon konsèy a mèt mwen an, e pou sila ki tranble sou kòmandman Bondye nou yo. Epi kite sa fèt selon lalwa a.
Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te fè don pou travay la. Gouvènè a te bay nan trezò a travay la mil ons an lò, senkant basen ak senk-san-trant nan vètman prèt yo.
Néhémie, ki te gouvènè a ak Esdras, prèt la ak skrib, avèk Levit ki te enstwi pèp la, te di a tout pèp la: “Jou sa a sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Pa fè dèy, ni pa kriye.” Paske, tout pèp la t ap kriye lè yo te tande pawòl lalwa yo.