Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Neyemi 1:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pawòl a Néhémie yo, fis Hacalia a. Alò, sa te fèt nan mwa Kisleu a, nan ventyèm ane a, pandan mwen te nan kapital Suse la,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Men istwa Neyemi, pitit gason Akalya, jan li menm li te rakonte li. Se te nan bò mwa novanm-desanm. Lè sa a, Atagzèsès te gentan sou ventan depi li t'ap gouvènen. Mwenm menm Neyemi, mwen te lavil Souz, kapital peyi a.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 1:1
9 Referans Kwoze  

Nan katriyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, nan katriyèm jou nevyèm mwa a, ki se Kisleu.


Alò, sou dokiman sele a te gen non a: Néhémie, gouvènè a, fis a Hacalia a ak Sédécias,


nan jou sa yo, pandan wa Assuréus te chita sou twòn wayal li a ki te nan sitadèl Suse la,


Mwen te gade nan vizyon an e pandan mwen t ap gade a, mwen te nan Suse, palè ki nan pwovens Élam nan. Epi mwen te gade nan vizyon an, e mwen te bò Kanal Ulaï la.


Kèk nan fis Israël yo avèk kèk nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, ak sèvitè tanp yo, te monte Jérusalem nan setyèm ane a Wa Artaxerxès la.


Mesaje wa yo te sòti, ranfòse pa dekrè a wa a, pandan dekrè a te pibliye nan sitadèl Suse la. Wa a avèk Haman te chita ansanm pou bwè, men lavil Suse te twouble.


Li te vin rive nan mwa Nisan an, nan ventyèm ane a Wa Artaxerxès la, ke te gen diven devan li e mwen te monte pote diven an e te bay li a wa a. Alò, mwen pa t janm konn tris nan prezans li konsa.


Pou sa, tout mesye Juda avèk Benjamin yo te rasanble Jérusalem nan twa jou yo. Se te nan nevyèm mwa a sou ventyèm jou nan mwa a, tout pèp te chita nan plas ouvri devan lakay Bondye a, e yo t ap tranble akoz afè sila a ak gwo lapli a.


Anplis, soti nan jou sa a mwen te chwazi kon gouvènè sou yo nan peyi Juda, soti nan ventyèm ane a jis rive nan trann-dezyèm ane a Wa Artexarxès la, pandan douzan, ni mwen ni moun fanmi parèy a mwen, yo pa t manje nan pati nan manje prevwa pou gouvènè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite