Èske Ézéchias p ap egare nou pou fè nou vin mouri avèk grangou ak swaf, pandan l ap di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, va delivre nou soti nan men a wa Assyrie a?’
Nawoum 3:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Rale dlo ou pou kont ou pou fè syèj la! Ranfòse fò ou yo! Antre nan ajil la, e foule mòtye a anba pye ou. Byen bati kay fou k ap fè brik yo fò! 1998 Haïtienne Al pran dlo mete la, paske yo pral sènen ou anndan lakay ou. Repare miray fò ou yo! Al bat tè ak pye ou pou fè brik! Pare fòm pou fè brik. |
Èske Ézéchias p ap egare nou pou fè nou vin mouri avèk grangou ak swaf, pandan l ap di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, va delivre nou soti nan men a wa Assyrie a?’
Mwen te fouye pwi yo, mwen te bwè dlo yo e ak pla pye mwen, mwen fè tout rivyè an Égypte yo vin sèch.’”
“Se pou fè bwi, o pèp yo, e vin kraze nèt! Bay zòrèy nou, tout peyi lwen yo. Mare senti nou, malgre n ap fin brize nèt! Abiye pou batay la, malgre n ap brize nèt.
An avan, cheval yo! Kouri tankou moun fou, cha lagè yo! Kite moun pwisan yo mache devan: Éthiopie ak Puth ki manevre boukliye a, Lidyen ki manevre e koube banza a.
Sila ki konn kaze brize a gen tan monte kont ou. Kenbe fò a! Veye chemen an! Ranfòse ren ou! Ranmase tout kouraj ou!
Paske SENYÈ a va restore tout glwa a Jacob, menm jan ak glwa Israël la, paske piyajè yo fin piyaje yo, e te rache branch rezen li yo.