Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nawoum 3:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 La, dife sa menm va vin devore ou nèt. Nepe va koupe retire ou nèt. Li va devore ou tankou krikèt volan. Li va fè ou vin anpil tankou yon krikèt volan. Li va fè ou vin anpil tankou krikèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Ou te mèt peple tankou chini, ou te mèt peple tankou krikèt, dife pral boule ou nèt ale. Lagè pral fini avè ou.

Gade chapit la Kopi




Nawoum 3:15
10 Referans Kwoze  

Paske gade byen, SENYÈ a va vini avèk dife, e cha Li yo va tankou van toubiyon. Li va rann kòlè Li ak gwo raj e repwòch Li ak flanm dife.


Paske SENYÈ a va egzekite jijman ak dife e avèk nepe Li sou tout chè; e sila ki va touye pa nepe yo va anpil.


SENYÈ dèzame yo te sèmante pa kont Li. Li te di: ‘Anverite, mwen va plen nou ak moun kon yon gwo foul krikèt volan e yo va kriye fò ak gwo kri laviktwa sou nou.’


Sa ke ti krikèt la te kite, gwo krikèt la fin manje. Sa ke gwo krikèt la te kite, ti cheni an te manje. Sa ke ti cheni an te kite, gwo cheni an te manje.


Konsa, Mwen va restore bannou pou ane ke gwo krikèt te manje yo, ak ti krikèt la ki kouri a tè a, ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou, gwo lame ke Mwen menm te voye pami nou.


Konsa Senyè BONDYE a te montre m e gade byen, Li t ap fòme yon gwo rafal krikèt nan lè jaden prentan an te kòmanse boujonnen an. Epi gade byen, rekòlt la te fèt nan lè wa a te fin koupe zèb la.


“Gade byen Mwen kont ou”, pale SENYÈ dèzame yo. “Mwen va brile cha lagè li yo nan lafimen. Nepe a va devore jenn lyon ou yo. Mwen va retire nan peyi a, tout chè nou te konn manje. Konsa, vwa mesaje nou yo p ap tande ankò.”


Gade byen, pèp ou a se fanm yo ye pami nou! Pòtay peyi ou yo vin ouvri byen laj bay lènmi ou yo. Dife fin devore baryè pòtay ou yo.


Li va lonje men Li kont nò pou detwi Assyrie, e li va fè Ninive vin yon kote dezole, sèk tankou dezè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite