Yo prepare tab la, yo plase watchman nan, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo!
Nawoum 2:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li rele gèye pi chwa li yo. Yo manke tonbe nan fòme yo. Yo prese rive nan miray la. Gwo barikàd syèj defans la fin prepare. 1998 Haïtienne Yo chonje rele chèf lame yo. Nan prese vini yo, yonn ap frape ak lòt. Yo kouri ale bò miray ranpa yo. Yo pare plak pwotèj pou y'al defonse pòtay yo. |
Yo prepare tab la, yo plase watchman nan, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo!
Nan nasyon sila a, nanpwen moun ki ni fatige, ni tonbe; nanpwen moun k ap kabicha oswa k ap dòmi; ni sentiwon nan senti li pa lage, menm bretèl sandal li pa janm kase.
Nasyon yo te tande de bagay wont ou an, e tè a plen ak kri detrès ou; paske yon gran gèrye tonbe sou gran gèye, e toulède tonbe atè ansanm.
“Rele anpil kont Babylone, tout sila ki konn koube banza yo. Fè kan kont li tout kote, pa bay li mwayen pou chape menm. Rekonpanse li selon zèv li yo. Selon tout sa li te fè yo, konsa fè li; paske li te vin awogan kont SENYÈ a, kont Sila Ki Sen an Israël la.
Bèje ou yo ap dòmi, O wa Assyrie. Prens ou yo kouche nèt. Pèp ou an vin gaye sou mòn yo, e nanpwen moun ki pou rasanble yo.
Chevalye k ap kouri desann yo; nepe k ap klere yo, lans k ap briye tankou solèy yo. Anpil mò, yon gwo ma kadav, ak kò mouri san kontwòl— yo manke tonbe sou kadav mò yo!
Chevalye yo pi vit ke leyopa, e pi vijilan ke lou lannwit. Chevalye yo vin galope. Chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore.