Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 50:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 “Rele anpil kont Babylone, tout sila ki konn koube banza yo. Fè kan kont li tout kote, pa bay li mwayen pou chape menm. Rekonpanse li selon zèv li yo. Selon tout sa li te fè yo, konsa fè li; paske li te vin awogan kont SENYÈ a, kont Sila Ki Sen an Israël la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Voye chache tout moun ki konn sèvi ak banza pou yo mache pran lavil Babilòn. Fè yo sènen lavil la nèt, pou pèsonn pa ka chape. Fè l peye tou sa li te fè. Fè l pase tou sa li te fè lòt moun pase, paske li te konprann pou l te kenbe tèt ak Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 50:29
28 Referans Kwoze  

Paske sila k ap detwi a fin rive sou li, sou Babylone nan menm. Mesye pwisan li yo fin kaptire. Banza yo fin kraze nèt. Paske SENYÈ a se yon Bondye k ap bay rekonpans. L ap rekonpanse nèt.


Ou te santi ou te byen pwoteje nan mechanste ou e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’. Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou; paske nan kè ou, ou te di: ‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.


Remèt li menm jan li te bay la, e ba li anretou de fwa selon zèv li yo. Nan gode ke li te fè melanj lan, fè melanj lan otan de fwa pou li.


Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki mache ak ògèy yo.


Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.


Paske sila yo te vèse san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”


Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.


“Konsa, wa a va fè sa li pito. Li va vin egzalte. Li va bay tèt li glwa pi wo pase tout dye yo, e li va pale anpil bagay byen move kont Bondye a dye yo. Konsa, li va pwospere jiskaske endiyasyon an fini, paske dekrè ki pibliye a va akonpli.


men ou te egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa.


Sila ki awogan an va glise tonbe, san pèsòn pou leve li; epi Mwen va mete dife nan vil li yo e li va devore tout andwa l yo.”


Vin kote li soti nan lizyè ki pi lwen an. Ouvri depo li yo. Anpile li kon gwo pil. Detwi li nèt. Pa kite anyen rete pou li.


Mwen te poze yon pèlen pou ou e ou menm te kenbe tou, o Babylone. Pandan ou pa t menm konnen, ou tou te dekouvri, ou e te pran, akoz ou te goumen kont SENYÈ a.”


Paske gade byen, Mwen va leve fè parèt kont Babylone, yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a. Yo va rale lign batay yo kont li. Depi la, yo va vin an kaptivite. Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè, ki pa janm retounen men vid.


Se kilès ou te meprize e blasfeme? Kont kilès ou te leve vwa ou, e kont kilès ou te leve zye ou ak ògèy la? Kont Sila Ki Sen an Israël la!


Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo,


Men pou laperèz a ou menm, awogans a kè ou te twonpe ou; ou menm ki rete nan twou wòch yo, ki okipe wotè a kolin nan. Malgre ou fè nich ou wo tankou èg, M ap rale ou desann soti la,” deklare SENYÈ a.


Kontra sila a ki koube a, kite achè koube banza li. Kontra sila a ki leve nan pwotèj li yo, pa kite jennonm li yo chape! Touye tout lame li nèt!


“Mwen va rekonpanse Babylone ak tout pèp Chaldée a pou tout mechanste ke yo te fè nan Sion devan zye nou”, deklare SENYÈ a.


“Anverite, Babylone gen pou tonbe pou sila ki te touye an Israël yo. Menm jan pou Babylone an, moun de tout peyi a va tonbe.


Paske jou SENYÈ a ap rapwoche sou tout nasyon yo! Jan ou te fè a, se konsa yo va fè ou.


(Paske, anpil nasyon ak gwo wa va fè yo vin esklav, menm yo menm. Konsa, Mwen va rekonpanse yo selon zèv yo.)”


“Fè l vin sou, paske li te plen ògèy anvè SENYÈ a. Pou sa, Moab va vire tounen nan vomisman li, e anplis, li va vin yon rizib pou tout moun ka ri.


Depi nan jip li, salte a te la. Li pa t konsidere davni li. Akoz sa li te vin tonbe yon fason etonan. Napwan moun pou konsole l. “Gade, O SENYÈ, afliksyon mwen an; paske ènmi an vante tèt. Li vin ògeye!”


Ou va rekonpanse yo, O SENYÈ, selon zèv men yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite