Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Abakik 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Chevalye yo pi vit ke leyopa, e pi vijilan ke lou lannwit. Chevalye yo vin galope. Chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Chwal yo kouri pi rèd pase chat mawon. Yo pi move pase chen mawon ki grangou. Kavalye yo sòti byen lwen, y'ap kouri vini. Yo tankou malfini k'ap plonje sou poul.

Gade chapit la Kopi




Abakik 1:8
17 Referans Kwoze  

Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan wozo, tankou yon èg ki vole plonje sou viktim li.


Yo va desann sou pant Filisten yo vè lwès. Ansanm yo va piyaje fis a lès yo. Yo va posede Edom ak Moab e fis a Ammon yo va vin soumèt a yo menm.


Gade byen, li monte tankou nwaj, e cha lagè li yo kon toubiyon. Cheval li yo pi vit ke èg. Malè a nou menm, paske nou vin detwi nèt!


Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, li va vole rapid tankou èg e lonje zèl li ouvri kont Moab.


Akoz sa, yon lyon ki sòti nan forè va touye yo. Yon lou dezè a va detwi yo, yon leyopa ap veye vil yo. Tout moun ki sòti kote yo va chire an mòso, akoz transgresyon yo anpil, enfidelite yo bokou.


Yo sezi banza yo, ak lans yo; yo mechan e yo san mizerikòd. Vwa yo gwonde tankou lanmè. Yo monte sou cheval yo, chaken byen òdone tankou moun pou fè batay kont ou, O fi a Babylone nan.


Sila ki te kouri dèyè nou yo te pi vit pase èg k ap volè anlè. Yo te fè lachas sou nou nan mòn yo. Yo te kache tann anbiskad pou nou nan savann nan.


“Di koulye a a kay rebèl la, ‘Èske ou pa konnen sa bagay sa yo vle di?’ Di yo: ‘Gade byen, wa Babylone nan te rive Jérusalem, te pran wa ak prens li yo e te mennen yo kote li Babylone.


Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon gwo èg ak gwo zèl, gwo zèl louvri ak anpil bèl plim de anpil koulè te vini Liban, e te rache pran tèt pye sèd la.


Ak zago cheval li yo, li va foule tout lari ou yo nèt. Li va touye moun ou yo ak nepe. Gwo pilye lafòs ou yo va tonbe atè.


Mete twonpèt la sou lèv ou yo! Yon bagay tankou malfini vini kont lakay SENYÈ a; akoz yo te transgrese akò Mwen an, e fè rebèl kont lalwa Mwen an.


Li rele gèye pi chwa li yo. Yo manke tonbe nan fòme yo. Yo prese rive nan miray la. Gwo barikàd syèj defans la fin prepare.


Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten.


Nenpòt kote kadav la ye, se la ou va twouve votou yo.


Konsa yo te reponn: “Ki kote, Senyè?” E Li te di yo: “Kotekadav la ye, se la votou yo va rasanble.”


“SENYÈ a va mennen yon nasyon kont nou soti lwen nan dènye pwent latè, tankou èg desann; yon nasyon ak yon langaj nou p ap konprann,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite