Miche 7:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pa fè konfyans ak yon vwazen. Pa fè konfyans ak yon zanmi. Ak fi la k ap kouche ak ou a, gade pòt bouch ou! 1998 Haïtienne Pa mete konfyans ou nan zanmi! Pa apiye sou okenn bon zanmi! Veye bouch ou ata ak madanm ou! |
Menm zanmi ki te pre m nan, nan sila mwen te mete konfyans la, li ki te manje pen mwen, te leve talon li kont mwen.
“Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip. Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a. Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt, e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
“Fòk chak byen veye kont vwazen li, pou l pa mete konfyans nan okenn frè; akoz tout frè yo aji nan koken, e tout vwazen yo ap voye kout lang.
Li kriye byen anmè nan nwit lan. Dlo zye li kouri desann figi l. Pami tout sila ki te renmen l yo, nanpwen moun ki pou bay li rekonfò. Tout zanmi li yo fè l trèt; yo te tounen lènmi l.
Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.
Men li te kriye devan li pandan sèt jou pandan fèt yo a t ap pase. Epi nan setyèm jou a, li te pale li kont lan, akoz li menm (fanm nan) te peze li rèd. Alò konsa, li al pale istwa a fis pèp li yo.