Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Lamantasyon 1:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li kriye byen anmè nan nwit lan. Dlo zye li kouri desann figi l. Pami tout sila ki te renmen l yo, nanpwen moun ki pou bay li rekonfò. Tout zanmi li yo fè l trèt; yo te tounen lènmi l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Tout lannwit l'ap plede kriye, dlo ap koule nan je l san rete. Nan tout moun ki te renmen l yo, li pa jwenn yonn menm pou konsole l. Tout zanmi l yo trayi l, yo tout fè l lènmi kounyeya.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 1:2
30 Referans Kwoze  

Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m. Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo. Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.


Pa fè konfyans ak yon vwazen. Pa fè konfyans ak yon zanmi. Ak fi la k ap kouche ak ou a, gade pòt bouch ou!


Yo te tande ke m ap plenyen nan gòj; men nanpwen ki pou konsole m. Tout lènmi mwen yo tande afè gwo malè m nan. Yo kontan Ou te fè sa. O ke Ou ta mennen jou ke Ou te pwoklame a, pou yo ka vin tankou mwen.


Mwen te rele vè renmen mwen yo, men yo te fè m desi. Prèt mwen yo ak ansyen mwen yo te peri nan vil la pandan yo t ap chache manje pou restore fòs yo pou kont yo.


Depi nan jip li, salte a te la. Li pa t konsidere davni li. Akoz sa li te vin tonbe yon fason etonan. Napwan moun pou konsole l. “Gade, O SENYÈ, afliksyon mwen an; paske ènmi an vante tèt. Li vin ògeye!”


Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou, yo pa chache ou; paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi, ak pinisyon a yon moun ki mechan, akoz inikite ou gran e peche ou anpil.


Men si ou pa koute sa a, nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a. Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo, akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt.


O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!


Ou menm, O sila ki dezole a, se kisa ou va fè? Malgre ou abiye an kramwazi, malgre ou dekore kò ou ak dekorasyon an lò, malgre ou agrandi zye ou ak penti, se anven ou fè kò ou bèl la. Sila ki renmen ou yo meprize ou. Yo chache lavi ou.


Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te devni yon objè abominab, sitou a vwazen mwen yo, e yon objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo. Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.


Epi dis kòn ke ou te wè yo, ansanm ak bèt la, sa yo va rayi pwostitiye a e yo va fè l vin dezole, e toutouni, epi yo va manje chè li e brile li avèk dife.


Sa yo gen yon sèl bi, e yo va bay pouvwa yo ak otorite a bèt la.


Li va kouri dèyè moun ki renmen li yo, men li p ap ka rive sou yo. Li va chache yo, men li p ap jwenn yo. Konsa li va di: ‘M ap prale retounen kote premye mari Mwen an, paske lè sa a te pi bon pou mwen pase koulye a.’


akoz sa, gade byen, Mwen va rasanble tout moun ki renmen ou yo avèk sila ou te pran plezi yo, menm tout sila ke ou te renmen yo, ak tout sila ou te rayi yo. Konsa, Mwen va rasanble yo kont ou soti nan tout direksyon e Mwen va fè toutouni ou an vin parèt a yo menm pou yo ka wè toutouni ou an nèt.


Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann, lespri m vin nan gwo twoub; kè m vin vide atè nèt, akoz fi a pèp mwen an vin detwi e timoun ak tibebe yo ap fennen nan lari vil la.


Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.


Tout frè a malere yo a rayi li; konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l. L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.


se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè, e nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.


Frè m yo te aji ak desepsyon kon yon ravin, kon flèv ravin ki vin sèch;


Sila ki simen ak dlo nan zye yo Va rekòlte avèk gwo kri lajwa.


Kenbe bon fè sou pye ou e mouye gòj ou pou ou pa swaf; men ou te di: ‘Sa p ap ka fèt, Non! Paske mwen te fè renmen ak etranje yo; se dèyè yo m ap prale.’


Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak vinèg pou swaf mwen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite