Konsa mwen te di yo: “Nou wè move ka nou an, ke Jérusalem dezole e pòtay li yo fin brile pa dife? Vini, annou rebati miray Jérusalem nan pou nou pa parèt kon yon wont ankò.”
Miche 7:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sa va yon jou pou bati miray ou yo. Nan jou sa a, lizyè ou yo va vin grandi. 1998 Haïtienne Nou menm, moun lavil Jerizalèm, jou pou nou rebati miray lavil la prèt pou rive. Lè sa a, y'a agrandi peyi a. |
Konsa mwen te di yo: “Nou wè move ka nou an, ke Jérusalem dezole e pòtay li yo fin brile pa dife? Vini, annou rebati miray Jérusalem nan pou nou pa parèt kon yon wont ankò.”
anplis, yon lèt a Asaph, gadyen nan forè a wa a, pou li kapab ban mwen bwa chapant pou fè travès pou pòtay a fò ki akote tanp lan; epi pou miray lavil la e pou kay nan sila mwen prale a.” Wa a te ban m tout sa akoz bon men Bondye mwen an te sou mwen.
Alò, Tobija, Amonit lan, te toupre li. Li te di: “Menm sa y ap bati, si yon rena ta vòltije ladann, li ta kraze wòch miray yo!”
Konsa, nou te bati miray la, e tout miray la te jwenn ansanm jis rive nan mwatye wotè li, paske pèp la te gen tèt ansanm pou travay la.
O sila ki aflije a, balote pa tanpèt la e san konsolasyon an; gade byen, Mwen va monte bijou ou ak bon kòl ki fèt pou bijou bèl koulè yo, epi fondasyon ou yo va poze ak pyè safì.
“Agrandi anplasman tant ou; lonje rido lakay ou, pa ralanti! Fè kòd yo pi long e fòtifye pikèt yo.
Sila ki pami ou yo va rebati ansyen mazi yo. Ou va fè releve ansyen fondasyon yo. Konsa yo va rele ou Sila Ki Te Repare Brèch la, Sila Ki Te Restore Lari Yo Ak Kay Yo.
Yo va rebati ansyen mazi yo, yo va fè leve wo sa ki te kraze depi lontan yo. Yo va repare vil ki te detwi yo, dezolasyon de anpil jenerasyon yo.
“Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble.