Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Miche 7:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Sa va yon jou ke yo va vin kote ou soti Assyrie ak vil Égypte yo; soti Égypte menm pou rive Rivyè Euphrate la, menm soti nan lanmè, rive nan lanmè, nan mòn rive nan mòn.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Wi, lè sa a, moun nou yo va tounen sòti toupatou vin jwenn nou. Y'a sòti nan peyi Lasiri bò solèy leve, y'a sòti Lejip nan sid, y'a sòti lòt bò larivyè Lefrat, y'a sòti byen lwen lòt bò lanmè ak lòt bò mòn yo.

Gade chapit la Kopi




Miche 7:12
15 Referans Kwoze  

Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo.


Va gen yon gran chemen k ap sòti depi Assyrie pou retay a pèp Li, menm jan ki te genyen pou Israël nan jou ke yo te monte kite peyi Egypte la.


Mwen va di a nò: ‘Lage yo!’ Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’ Mennen fis Mwen yo soti lwen e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo—


Gade byen, sa yo va vini sòti lwen; epi gade, sila yo va soti nan nò ak nan lwès la, e sila yo va soti nan peyi Sinim yo.


“Epi konsa, Mwen va rasanble retay bann mouton Mwen an soti nan tout peyi ke m te pouse yo ale yo, e mennen yo retounen nan pa yo. Yo va vin bay fwi e peple anpil.


Nan jou sa yo, lakay Juda va mache ak lakay Israël, e yo va vini ansanm sòti nan peyi nò pou rive nan peyi ke Mwen te bay a papa zansèt nou yo kon eritaj la.”


Gade byen, Mwen ap mennen yo sòti nan peyi nò a, e Mwen va ranmase yo soti nan pati pi lwen latè a. Pami yo, avèg ak bwate yo, fanm lan ak pitit li, ak sila ki gen doulè tranche ansanm. Yon gran konpanyen, yo va retounen isit la.


Men pou ou menm, O! Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent, ni pa twouble, O Israël! Paske ou wè, Mwen va sove nou soti lwen, e desandan nou yo soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen pou rete san twoub, ansekirite, san pèsòn ki pou fè l tranble.


“Nan jou sa a, Mwen va fè yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”


Pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran fis Israël yo soti nan nasyon kote yo te ale yo. Epi Mwen va rasanble yo soti tout kote pou mennen yo antre nan pwòp peyi pa yo.


Yo va vini tranblan tankou zwazo, soti an Égypte, e kon toutrèl soti nan peyi Assyrie; epi Mwen va plase yo nan kay pa yo, deklare SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite