Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale. Li rele lemonn lan soti nan leve solèy la jis rive nan kote li kouche a.
Miche 6:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Koute koulye a sa ke SENYÈ a ap di: “Leve, plede ka ou devan mòn yo; kite kolin yo tande vwa ou. 1998 Haïtienne Koute sa Senyè a ap di: — Leve non! Vin plede kòz ou devan gwo mòn yo! Kite ti mòn yo tande sa ou gen pou di a! |
Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale. Li rele lemonn lan soti nan leve solèy la jis rive nan kote li kouche a.
Koute O syèl yo e tande O latè; paske SENYÈ a pale: “Fis Mwen leve yo, men yo fè rebèl kont Mwen.
Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize a mòn Israël yo e di: “O mòn Israël yo, tande pawòl SENYÈ a.
“‘“Men nou menm, O mòn Israël yo, nou va lonje fè branch nou yo vin parèt pou pote fwi pou pèp Mwen an, Israël; paske avan anpil tan, y ap vini.
Ankò li te di mwen: “Pwofetize sou zo sila yo pou di yo: ‘O zo sèch yo, tande pawòl SENYÈ a.
Di yo: ‘Mòn Israël yo, koute pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a a mòn yo, kolin yo, ravin dlo yo, ak vale yo: “Gade byen, Mwen menm, Mwen va mennen yon nepe sou nou, e Mwen va detwi wo plas nou yo.
Tande pawòl sa a ke SENYÈ a te pale kont nou menm, fis Israël yo; kont tout fanmi ke Li te mennen fè monte soti nan peyi Égypte la:
Tande, O pèp yo, nou tout! Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou; SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.
Mòn yo fann anba Li; Vale yo fann tankou lasi devan dife, tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.
Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a, e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo. Paske SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a, e Li va plede ka Li ak Israël.
Men Li te reponn e te di: “Mwen di nou, si sila yo rete an silans, menm wòch yo va pran rele.”
Mwen rele syèl la avèk tè a kòm temwen kont nou jodi a, ke nou va vrèman peri vit nan peyi kote nou ap pase Jourdain an pou posede a. Nou p ap viv pandan anpil tan ladann, men nou va detwi nèt.
Alò koulye a, kanpe pou m kab plede avèk nou devan SENYÈ a konsènan tout zèv ladwati ke SENYÈ a te fè pou nou avèk zansèt pa nou yo.
Alò, Samuel te di: “Tann e kite mwen menm di ou sa ke SENYÈ a te di mwen yèswa.” Epi li te di li: “Pale”!