Koute, O latè! Gade byen, Mwen ap mennen gwo dega sou pèp sa a; menm fwi a panse pa yo, akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo, e selon lalwa Mwen an, yo te rejte li.
“Koulye a, akoz sa, ekri chanson sila a pou nou menm e montre li a fis Israël yo. Mete li sou lèv yo, pou chanson sa a kapab yon temwen pou Mwen kont fis Israël yo.
Mwen rele syèl la avèk tè a kòm temwen kont nou jodi a, ke nou va vrèman peri vit nan peyi kote nou ap pase Jourdain an pou posede a. Nou p ap viv pandan anpil tan ladann, men nou va detwi nèt.