Yo te plase pou kont yo pilye sakre yo avèk poto Astarté yo sou chak ti mòn e anba chak pyebwa vèt,
Miche 5:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen va dechouke Asherim ki pami nou yo, e mwen va detwi vil nou yo. 1998 Haïtienne M'ap derasinen tout pyebwa repozwa nan peyi a. M'ap detwi tout lavil nou yo. |
Yo te plase pou kont yo pilye sakre yo avèk poto Astarté yo sou chak ti mòn e anba chak pyebwa vèt,
pou egzekite sou yo jijman ki te ekri a. Sa se lonè de tout fidèl Li yo. Louwe SENYÈ a!
“Men, olye de sa nou va dechire lotèl pa yo, kraze pilye sakre pa yo e koupe jete Asherim yo.
Yo p ap gade vè lotèl yo, zèv a men li yo, ni yo p ap okipe sa ke dwèt yo te fè; ni Asherim yo ni lanp lansan yo.
Akoz sa e atravè sa, inikite a Jacob la va padone. Konsa, sa va tout fwi la pou rete peche li: lè l fè lotèl wòch yo vin tankou poud wòch lakrè, pou Asherim nan ak lotèl lansan yo pa kanpe ankò.
Men si yo pa koute, alò, Mwen va dechouke nasyon sa a, dechouke e detwi li,” deklare SENYÈ a.
Senyè a te vale tout nèt. Li pa t epanye tout abitasyon Jacob yo. Nan gwo chalè Li, Li te jete sitadèl fi a Juda a. Li te bese yo nèt jis rive atè. Li te pwofane wayòm nan ak tout prens li yo.
SENYÈ a fin pase lòd konsènan ou menm: “P ap gen desandan ki pou pote non ou ankò. Mwen va koupe retire zidòl ak imaj soti lakay dye ou yo. M ap prepare yon kote antèman pou ou; paske ou vin abominab.”