Egzòd 34:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen13 “Men, olye de sa nou va dechire lotèl pa yo, kraze pilye sakre pa yo e koupe jete Asherim yo. Gade chapit la1998 Haïtienne13 Okontrè, se pou nou kraze lotèl yo, dechouke tout vye wòch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidòl yo. Gade chapit la |
Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo.