Miche 3:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men kanta mwen menm, mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a, ak jistis ak kouraj Li, pou fè Jacob konnen zak rebelyon li an; menm a Israël, peche pa l la. 1998 Haïtienne Men, pou mwen menm, Miche, Senyè a voye lespri l sou mwen, li ban mwen fòs, li ban mwen pouvwa pou m konnen sa ki dwat. Li ban mwen kouray pou m kanpe denonse fòfè pitit Jakòb yo, pou m di pèp Izrayèl la nan figi l sa l'ap fè ki mal la. |
“Kriye fò, ni pa rete! Leve vwa ou tankou yon twonpèt! Deklare a pèp Mwen transgresyon yo, e a lakay Jacob la, peche yo.
Lespri Senyè BONDYE a sou mwen, akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo. Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo, pou pwoklame libète a kaptif yo e delivrans a prizonye yo;
pou pwoklame lane gras SENYÈ a e jou a vanjans Bondye nou an; pou konsole tout moun ak kè ki tris,
Gade byen, Mwen te fè ou menm jodi a kon yon vil fòtifye, kon yon pilye fè e kon miray an bwonz kont yon peyi nèt—a wa Juda yo, ak prens li yo, vè prèt li yo e a pèp a peyi a.
Si mwen di: “Mwen p ap sonje Li ankò, ni pale ankò nan non Li”, alò, anndan kè mwen vin kon yon dife k ap brile ki fèmen nan zo m. Mwen bouke kenbe l anndan m, mwen pa kapab.
Men mwen plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan. “Vide li sou timoun lari yo ak sou jenn gason k ap rasanble; paske ni mari, ni madanm, yo va vin pran, menm sa ki nan laj ak granmoun.
Pwofèt ou yo te wè pou ou vizyon ki te fo; ki te plen foli. Yo pa t dekouvri inikite ou pou restore ou sòti an kaptivite, men yo te wè pou ou vizyon pòt pawòl ki te fo, ki te egare ou.
“Èske ou va jije yo, fis a lòm? Èske ou va jije yo? Fè yo konnen abominasyon a papa yo.
“Epi ou menm, fis a lòm, èske ou va jije? Èske ou jije vil sanglan an? Alò, fè l konnen tout abominasyon li yo.
Anplis, SENYÈ a te di mwen: “Fis a lòm, èske ou va jije Ohola ak Oholiba? Alò, deklare a yo menm abominasyon yo.
Konsa, Lespri a te leve mwen monte e te pran m ale. Mwen te vini byen anmè ak laraj nan lespri m, e men SENYÈ a te fò sou mwen.
“Pou ou menm, fis a lòm, bay detay a tanp lan a lakay Israël, pou yo ka wont de inikite yo; epi kite yo mezire plan an.
Jacques, fis Zébédée a, avèk Jean, frè a Jacques, (a li menm Li te bay non Boanergès ki vle di Fis a tonnè yo);
Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a,