Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Korent 2:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Lè m te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m te anonse nou nouvèl la, se pat avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Konsa mesaj mwen te pote a pa t sèvi ak bèl mo sajès, se pito pouvwa Sentespri a ki te bay prèv pou konvenk moun.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 2:4
28 Referans Kwoze  

Paske wayòm Bondye a pa fèt avèk pawòl, men avèk pwisans.


Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.


Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile.


Lè m te vin kote nou, frè m yo, mwen pa t vini avèk yon wotè langaj oubyen sajès pou pwokame a nou temwayaj Bondye a.


nan pouvwa sign ak mirak yo nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la.


Paske nou pa t swiv vye listwa koken lè nou te fè nou konnen pwisans ak retou a Senyè nou an, Jésus Kri, men zye nou te temwen majeste Li.


Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo.


Mwen di sa pou pèsòn pa twonpe nou avèk diskou ki kab sedwi moun.


Paske nan pale fò avèk awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo,


Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.


Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon sèvitè a Kris la.


Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.


Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout volonte a Bondye a nèt.


Yo wè tout sa ki fo, ak divinò k ap bay manti yo, k ap di: ‘Pawòl SENYÈ a deklare’, lè se pa SENYÈ a ki te voye yo. Malgre sa, yo gen espwa ke pawòl yo va vin akonpli.


Ak anpil ankourajman, li atire li; avèk lèv a flatè, li sedwi li.


Agrippa te reponn a Paul: “Ak yon ti bourade konsa, ou vlè pèswade m pou devni yon Kretyen?”


Prens Filisten yo te ale kote li e te di fanm nan: “Mennen li ak dousè e twouve kote gran fòs li a sòti, e kijan nou kapab vin genyen l pou nou kapab mare li pou aflije li. Epi nou chak va ba ou onz-san pyès ajan.”


Alò, li te vin rive ke nan katriyèm jou a, ke yo te di a madanm Samson an: “Mennen mari ou pou l kab bannou repons kont lan, oswa nou va brile ou menm avèk kay papa ou avèk dife. Èske se pou fè nou vin pòv ke ou te envite nou? Se pa sa w ap fè la a?”


Paske mwen tande detripe nan zòrèy anpil moun: “Danje, danje toupatou! Denonse! Wi, annou denonse li!” Tout zanmi m ke m kon fè konfyans yo, k ap tann pou yo wè lè mwen tonbe, ap di: “Petèt nou ka mennen l, pou nou ka vin enpoze nou sou li e konsa, nou va pran vanjans sou li.”


Sila ki difame moun devwale sekrè; pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.


Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.


nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan Lespri Sen an, nan vrè lanmou an


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite