Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 3:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Jacques, fis Zébédée a, avèk Jean, frè a Jacques, (a li menm Li te bay non Boanergès ki vle di Fis a tonnè yo);

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 de pitit Zebede yo: Jak ak Jan, frè l la. Jezi te ba yo yon ti non Boanèj, ki vle di Pitit loray.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Apre sa Jak ak Jan frè l, pitit Zebede yo li rele yo Bowanègès, ki vle di “Nonm ki mete l ankòlè kòm yon loray”,

Gade chapit la Kopi




Mak 3:17
16 Referans Kwoze  

Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo.


Li te pran avè L Pierre, Jacques, ak Jean, e Li te kòmanse trè enkyete, e twouble.


Konsa, Li pa t kite pèsòn swiv Li sof ke Pierre, Jacques, ak Jean, frè a Jacques.


Èske pawòl Mwen pa tankou yon dife?” deklare SENYÈ a: “Èske li pa tankou yon mato ki kraze fann wòch?”


Alò, vè lè sila a, Wa Hérode te mete men l sou kèk moun ki te apatyen a legliz la pou l maltrete yo.


Yo te ansanm. Simon Pierre, Thomas, ke yo rele Didyme, e Nathanaël de Cana nan Galilée, e fis a Zébédée yo e de lòt nan disip Li yo.


Jacques, Jean, avèk de fis Zébédée yo te vin kote L. Yo te di L: “Mèt, nou vle ke Ou fè pou nou nenpòt sa ke nou mande Ou”.


Sis jou pita, Jésus te pran avè L, Pierre, Jacques, avèk Jean, e te mennen yo sou yon mòn wo pou kont yo. La, devan yo, Li te transfòme nan yon lòt fòm.


“Kriye fò, ni pa rete! Leve vwa ou tankou yon twonpèt! Deklare a pèp Mwen transgresyon yo, e a lakay Jacob la, peche yo.


Konsa, yo te di mwen: “Ou oblije pwofetize ankò konsènan anpil pèp, nasyon, lang, ak wa.”


Lè Li te vin ale pi lwen, Li te wè de lòt frè, Jacques fis a Zébédé avèk Jean, frè li. Yo te nan kannòt la avèk Zébédé, papa yo. Yo t ap repare filè yo. Li te rele yo.


Simon, ki rele Pierre,


André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la;


Lè Jacques avèk Jean te wè sa, yo te di: “Senyè, èske Ou ta vle nou kòmande dife sòti nan syèl la pou devore yo?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite