Mak 8:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te mande yo: “Konbyen moso pen nou genyen?” Yo te di Li: “Sèt”. 1998 Haïtienne Jezi mande yo: — Konbe pen nou gen la a? Yo reponn: — Nou gen sèt pen. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?” Yo reponn li: “Nou genyen sèt pen.” |
Li te di yo: “Konbyen pen nou genyen? Al gade!” Lè yo konnen, yo di: “Senk pen ak de pwason”.
Disip Li yo te reponn Li: “Kote yon moun kapab jwenn ase pen isit la pou satisfè moun sa yo nan yon andwa izole konsa”?
Konsa, Li te fè yo chita atè. Li te pran sèt pen yo, e te kase yo an mòso. Li te kòmanse bay yo a disip Li yo pou sèvi yo, e yo te bay yo a foul la.
Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Nou pa gen plis ke senk pen avèk de pwason, sof ke petèt ke nou ta ale achte pen pou tout moun sa yo.”