Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 8:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Malgre nou gen zye, èske nou pa wè? E malgre nou gen zòrèy, èske nou pa tande? E èske nou pa sonje

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Gen lè nou pa wè nan je nou? Nou pa tande nan zòrèy nou? Se bliye nou gentan bliye?

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Èske nou gen je ki pa kapab wè? Èske nou gen zòrèy ki pa kapab tande? Epi èske nou pa sonje sa m te fè lè nou pa t gen ase pen an?

Gade chapit la



Mak 8:18
15 Referans Kwoze  

Ke zye yo vin twouble pou yo pa kab wè. Ke do yo koube nèt.


Yo pa konnen, ni yo pa konprann, paske Li te fèmen zye yo pou yo pa wè e kè yo pou yo pa konprann.


‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande.


Fis a lòm, ou rete nan mitan yon kay rebèl, ki gen zye pou wè, men yo pa wè, e zòrèy pou tande, men yo pa tande; paske se kay rebèl yo ye.


Pou l rive ke Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann. Otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”


“Li te fè zye yo avegle, e te fè kè yo di, sof ke yo wè avèk zye yo, apèsi avèk kè yo, epi vin konvèti, epi Mwen ta geri yo.”


Jis jan sa te ekri a: “Bondye te bay yo yon espri sòt, zye pou yo pa wè, ak zòrèy pou yo pa tande jiska menm jou sila a.”


Men jis rive jodi a, SENYÈ a pa t bannou yon kè pou konnen, ni zye pou nou wè, ni zòrèy pou nou tande.


Èske nou pa sonje lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?


Konsa, mwen va toujou prè pou fè nou sonje bagay sa yo, malgre nou deja konnen yo, e etabli nan verite ki deja la avèk nou an.