Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 4:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Pou l rive ke Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann. Otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Konsa Yo mèt gade byen gade, men yo p'ap wè. Yo mèt tande byen tande, men yo p'ap konprann, pou yo pa tounen vin jwenn Bondye, pou Bondye padonnen peche yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Mwen fè sa poutèt, Menm lè yo wè, yo pa vrèman wè. Menm lè yo tande, yo pa vrèman ni tande ni konprann. Si yo ta wè epi yo ta konprann, yo ta repanti epi Bondye ta padone yo.”

Gade chapit la Kopi




Mak 4:12
18 Referans Kwoze  

Yo pa konnen, ni yo pa konprann, paske Li te fèmen zye yo pou yo pa wè e kè yo pou yo pa konprann.


‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande.


Men jis rive jodi a, SENYÈ a pa t bannou yon kè pou konnen, ni zye pou nou wè, ni zòrèy pou nou tande.


Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nangade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann.


avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a,


e ki answit, te vin tonbe, se enposib pou renouvle yo ankò a repantans, paske yo ankò krisifye pou kont yo Fis Bondye a e ekspoze Li a lawont piblik.


Fis a lòm, ou rete nan mitan yon kay rebèl, ki gen zye pou wè, men yo pa wè, e zòrèy pou tande, men yo pa tande; paske se kay rebèl yo ye.


“Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a;


Mennen fè parèt pèp ki avèg la, malgre yo gen zye e soud la, malgre yo gen zòrèy.


Petèt, lakay Juda va tande afè tout malè ke M gen lentansyon fè rive yo, jiskaske tout moun va detounen kite chemen mechan pa yo; epi konsa, Mwen kapab padone inikite ak peche yo.”


Malgre nou gen zye, èske nou pa wè? E malgre nou gen zòrèy, èske nou pa tande? E èske nou pa sonje


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite