Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 5:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 ‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Louvri zòrèy nou byen pou nou tande, bann egare san konprann! Nou gen je, men nou pa ka wè. Nou gen zòrèy, men nou pa ka tande.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 5:21
26 Referans Kwoze  

Veye sa a, nou menm ki ensansib pami pèp la; Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?


Poukisa gen kòb nan men moun ensanse a pou l achte sajès, konsi, li pa konprann anyen?


Lè branch li yo vin sèch, yo vin kase yo. Fanm yo va vini pou fè dife avèk yo, paske se yon pèp san konprann. Akoz sa Kreyatè yo a p ap fè konpasyon sou yo. Li ki te fòme yo a p ap bay yo gras.


Mennen fè parèt pèp ki avèg la, malgre yo gen zye e soud la, malgre yo gen zòrèy.


Yo pa konnen, ni yo pa konprann, paske Li te fèmen zye yo pou yo pa wè e kè yo pou yo pa konprann.


Men yo tout ansanm se ensanse e plen ak foli; instwi pa zidòl yo——se bwa yo ye!


“Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.”


“Deklare sa a nan kay Jacob la e pwoklame li nan Juda, pou di:


Alò, mwen te di: “Se sèlman malere ke yo ye. Se ensanse yo ye; yo pa konnen chemen SENYÈ a, ni règleman a Bondye yo.


Se a kilès pou m ta pale e bay avètisman pou yo ka tande? Gade byen, zòrèy yo bouche e yo p ap ka koute. Gade byen, pawòl SENYÈ a vin sèvi kon repwòch pou yo. Yo pa twouve okenn plezi ladann.


Konsa, akoz nou te fè tout bagay sa yo,” deklare SENYÈ a: “akoz Mwen te pale ak nou, lè M te leve bonè pou nou te pale, men nou pa t tande. Mwen te rele nou, men nou pa t reponn.


Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li. Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo; men pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a.


Fis a lòm, ou rete nan mitan yon kay rebèl, ki gen zye pou wè, men yo pa wè, e zòrèy pou tande, men yo pa tande; paske se kay rebèl yo ye.


Konsa, Éphraïm te vin tankou yon toutrèl egare, san bon sans. Yo rele vè Egypte. Yo ale Assyrie.


Men yo te refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande.


Pou l rive ke Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann. Otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”


Malgre nou gen zye, èske nou pa wè? E malgre nou gen zòrèy, èske nou pa tande? E èske nou pa sonje


“Li te fè zye yo avegle, e te fè kè yo di, sof ke yo wè avèk zye yo, apèsi avèk kè yo, epi vin konvèti, epi Mwen ta geri yo.”


Lè l te di: ‘Ale nan pèp sa epi di: “Nou va toujou tande, men nou p ap konprann. Nou va toujou gade, men nou p ap wè anyen.


Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz.


Jis jan sa te ekri a: “Bondye te bay yo yon espri sòt, zye pou yo pa wè, ak zòrèy pou yo pa tande jiska menm jou sila a.”


gwo eprèv ke zye nou te wè yo, gwo sign sa yo avèk mèvèy yo.


Men jis rive jodi a, SENYÈ a pa t bannou yon kè pou konnen, ni zye pou nou wè, ni zòrèy pou nou tande.


se konsa nou rekonpanse SENYÈ a, O pèp ki san konprann e ki san sajès? Èske se pa Papa nou, Kreyatè nou an, ki te fè nou e ki te fòme nou?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite