Mak 6:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Apòt yo te rasanble avèk Jésus. Yo te bay Li yon rapò de tout sa yo te fè ak sa yo te enstwi. 1998 Haïtienne Tounen apot yo retounen sot nan misyon, yo vin rakonte Jezi tou sa yo fè ak tou sa yo di. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Disip yo retounen sot nan misyon an. Yo antoure Jezi epi yo di li tou sa yo te fè, tou sa yo te anseye. |
Alò, non a douz apot yo te konsa: Premye a, Simon, ke yo rele Pierre, André, frè li, Jacques, fis a Zébédée, Jean, frè li,
Li te dezinye douz yo, pou yo ta kapab avè L, e pou Li ta kapab voye yo deyò pou preche,
Swasann-dis yo te retounen avèk jwa. Yo te di: “Senyè, menm dyab yo soumèt a nou menm nan non Ou”.
Alò, se te Marie Magdala, Jeanne, Marie, manman a Jacques; anplis, lòt fanm ki te avèk yo, ki t ap pale apòt yo bagay sa yo.
Lè li te fè jou, Li te rele disip Li yo kote Li. Konsa, Li te chwazi douz pami yo ke Li te osi nome kòm apòt:
Lè apòt yo te retounen, yo te bay Jésus yon istwa de tout sa ki te rive a. Li te fè yo ale avè L, pou yo fè retrèt vè yon vilaj yo rele Betsaïda.
Yo te fè tiraj osò pou yo, e osò a te tonbe pou Matthias. Konsa, li te ajoute pami onz apòt yo.