Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 6:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Li te di yo: “Vini apa pou kont nou nan yon plas apa pou pran yon ti repo”. Paske anpil moun t ap antre, sòti, e yo pa t menm gen tan manje.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 Lè sa a, te sitèlman gen moun ki t'ap ale vini, Jezi ak disip li yo pat menm gentan pou yo manje. Se poutèt sa Jezi di disip li yo: — Ann al avè m yon kote ki pa gen moun pou nou ka pran yon ti repo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Jezi di disip yo: “Vini avèk mwen nan yon kote trankil epi nou va fè yon poze.” Li te di sa, paske kote l te ye a te gen twòp moun ki t ap monte desann vini wè yo, menm manje yo pa t gen chans pou yo manje.

Gade chapit la Kopi




Mak 6:31
5 Referans Kwoze  

Lè Jésus tande sa, Li te retire kò L nan yon kannòt pou kont Li nan yon landwa izole. Lè foul la te tande sa, yo te sòti lavil la apye pou swiv Li.


Men li te ale deyò e te kòmanse pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.


Apre, Li te retounen lakay Li, e foul la te rasanble ankò jiskaske yo pa t kab menm manje yon repa.


Jésus te retire kò l bò kote lanmè a ansanm avèk disip Li yo. Yon gran foul ki sòti Galilée t ap swiv li, ansanm avèk moun peyi Judée yo,


Apre bagay sa yo, Jésus te ale lòtbò Lamè Galilée a (oubyen Tibériade).


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite