Alò, Jonadab te di li: “Kouche sou kabann ou e fè kòmsi ou malad. Lè papa ou vin wè ou, di li: ‘Souple, kite sè m nan, Tamar vin ban m manje. Kite li prepare manje a devan zye m, pou mwen kapab wè li e manje manje a soti nan men li.’”
Mak 6:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, li te ale deyò e te mande manman l: “Kisa mwen dwe mande?” Epi li te di l: “Tèt a Jean Baptiste”. 1998 Haïtienne Madmwazèl la sòti, l'al di manman li: — Kisa m ta mande? Manman an reponn li: — Mande tèt Jan Batis. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Demwazèl la al kote manman l, li mande l: “Ki sa pou m mande wa Ewòd pou l ban mwen?” Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.” Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.” |
Alò, Jonadab te di li: “Kouche sou kabann ou e fè kòmsi ou malad. Lè papa ou vin wè ou, di li: ‘Souple, kite sè m nan, Tamar vin ban m manje. Kite li prepare manje a devan zye m, pou mwen kapab wè li e manje manje a soti nan men li.’”
Èske mesye nan tant mwen yo pa t di: ‘Ou pa p twouve yon moun ki pa satisfè ak vyann pa li a?’
Lè malfektè yo te rive sou mwen pou yo ta devore chè m, advèsè mwen yo ak lènmi m yo te chape tonbe.
Mechan yo rale nepe e koube banza yo, pou jete aflije yo avèk malere a, pou touye sila ki dwat nan kondwit yo.
Akoz ke fi a te ankouraje pa manman l, li te di: “Ban m isit la menm sou yon plato, tèt a Jean Baptiste.”
Alò, nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di:
Li te sèmante a li menm: “Nenpòt sa ou vle, m ap bay ou li, jiska mwatye wayòm mwen an”.
Lapoula, li te vini avèk vitès devan Wa a avèk yon demann. Li te di: “Mwen vle ke ou ban mwen koulye a menm, tèt a Jean Baptiste sou yon plato”.