Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Matye 3:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t'ap mache bay mesay sa a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Lè a te rive, Janbatis ki te vin nan zòn dezè rejyon Jide.

Gade chapit la Kopi




Matye 3:1
27 Referans Kwoze  

Epi ou menm pitit, ou va rele pwofèt a Pi Wo a; paske ou va ale devan Senyè a, pou prepare chemen Li an;


Anverite Mwen di nou, pami sila ki fèt pa fanm yo, pa janm leve youn ki pi gran ke Jean Baptiste; malgre sa, sila ki pi piti nan wayòm syèl la, pi gran pase li.


Li te di: “Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la.”


Yo te di: “Kèk moun di ke se Jean Baptiste, lòt Elie, e lòt, Jérémie oswa youn nan pwofèt yo.”


kòmanse nan batèm Jean, jis rive jou ke Li te anlève soti nan mitan nou an, youn nan sila yo ta dwe devni yon temwen avèk nou de rezirèksyon Li.”


Lè mesaje a Jean yo te sòti, Li te kòmanse pale a foul la sou Jean: “Kisa nou te ale nan dezè a pou wè? Yon wozo k ap souke pa van?


Pandan mesye sa yo, disip a Jean Baptiste yo t ap prale, Jésus te kòmanse pale avèk foul la konsènan Jean: “Kisa nou te ale wè nan savann nan? Yon wozo ki souke pa van?


Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan.


Paske Jean te vini a nou menm nan chemen ladwati, men nou pa t kwè li; men kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo te kwè li.. Men nou menm ki te wè sa, nou pa t menm repanti lè l fin fèt pou nou ta kwè li.


Desandan Kenyen yo, bòpè Moïse la, te monte soti nan vil pal yo avèk fis Juda yo. Yo soti nan dezè a Juda ki vè sid Arad la, epi yo te monte pou rete avèk pèp sila yo.


“Koulye a, gade byen, SENYÈ a te kite mwen viv pandan karant-senk ane sa yo, jis jan ke Li te pale a, soti nan tan sila a ke SENYÈ a te pale pawòl sa a Moïse la, lè Israël te mache nan dezè a. Epi koulye a, gade byen, jodi a mwen gen katreven senk ane.


Epi Benaja, fis a Jehojada a te monte tonbe sou Joab pou te mete li a lanmò. Li te antere bò lakay li a nan dezè a.


Jan li ekri nan Ésaïe, pwofèt la, “Gade byen, Mwen voye mesaje Mwen an pa devan nou, ki va prepare chemen nou;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite