Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 5:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa yo te kòmanse ri sou Li. Men lè Li te fin mete yo tout deyò, Li te pran manman ak papa a pitit la avèk moun pa L yo, e te antre kote pitit la te ye a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Yo tonbe pase l nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout sòti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Moun ki te la yo pete ri Jezi. Li mete tout moun deyò, li pran papa timoun nan ak manman l ak disip li yo epi yo al nan chanm kote timoun nan te ye a.

Gade chapit la



Mak 5:40
14 Referans Kwoze  

Lot te ale deyò pou te pale avèk bofis li yo, ki te prèt pou marye avèk fi li yo, e li te di: “Leve sòti kite plas sila a, paske SENYÈ a va detwi vil la.” Men li te sanble a bofis li a ke se yon blag ke li t ap fè.


Pou sa, li te antre fèmen pòt la dèyè yo toude a, e te priye a SENYÈ a.


Men lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan, avèk Guéschem, Arab la, te tande koze sa a, yo te moke nou, te meprize nou, epi te di: “Ki bagay sa n ap fè la a? Èske nou ap fè rebèl kont wa a?”


Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo, sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an. Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag.


Tout moun ki wè m vin moke mwen. Yo separe avèk lèv yo e yo souke tèt yo pou di:


Se pa sa ki antre nan bouch la ki kontamine yon nonm, men se sa ki sòti nan bouch la ki kontamine l.”


“Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso.


Li antre, e Li te di yo: “Poukisa nou ap fè tout bri sa a, e kriye konsa? Pitit sa a pa mouri, men l ap dòmi”.


Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”


Alò, Farizyen yo ki te renmen lajan anpil t ap koute tout bagay sa yo, e yo t ap moke L.


Alò, lè yo te tande de rezirèksyon lanmò a, kèk te kòmanse moke l, men lòt yo te di: “Nou dwe tande ou ankò konsènan sa a”.