Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa; solèy la brile m konsa. Fis a manman m yo te byen fache avè m; Yo te fè m gadyen chan rezen yo. Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.
Mak 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, lè solèy la fin leve, li te vin brile, e akoz li pa t gen rasin, li te fennen. 1998 Haïtienne Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo. Yo cheche paske rasin yo pat fon. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin. |
Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa; solèy la brile m konsa. Fis a manman m yo te byen fache avè m; Yo te fè m gadyen chan rezen yo. Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.
Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray.
Lè solèy la te leve, Bondye te chwazi yon van lès byen cho, solèy la te bat tèt Jonas jiskaske li te vin fèb. Konsa, li t ap mande ak tout nanm li, e te di: “Lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”
Men lè solèy la vin leve, yo te vin sèch; akoz ke yo te manke rasin, yo te vin fennen.
“Lòt grenn te tonbe nan wòch kote pa t gen anpil tè. Byen vit, li te leve, paske tè a pa t gen pwofondè.
Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou,
Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plenn avèk remèsiman an.
epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.
Paske solèy la leve avèk yon gwo chalè, epi zèb la seche; flè li tonbe, e bote aparans li an vin disparèt. Konsa tou, moun rich la nan mitan tout sa l ap chèche yo, li va vin disparèt.
Moun sa yo se resif yo k ap kashe nan fèt lamou sen nou yo, lè yo vin fète avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van a, bwa sezon fwèt la san fwi, de fwa mò, dechouke menm;