Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Matye 13:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Men lè solèy la vin leve, yo te vin sèch; akoz ke yo te manke rasin, yo te vin fennen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo, yo cheche, paske rasin yo pat fon.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin.

Gade chapit la Kopi




Matye 13:6
12 Referans Kwoze  

Yo p ap grangou, ni soufri swaf, ni solèy ki brile p ap frape yo; Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va mennen yo e va gide yo rive nan sous dlo yo.


men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite.


Gen lòt ki te tonbe kote ki plen wòch kote te manke tè, epi yo te leve byen vit pwiske tè a te manke pwofondè.


Lòt te tonbe pami pikan e pikan yo te leve toufe yo.


Konsa, lè solèy la fin leve, li te vin brile, e akoz li pa t gen rasin, li te fennen.


“Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.


Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou,


Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.


Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plenn avèk remèsiman an.


“Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite