Mak 4:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la pou zwazo yo vin manje l nèt. 1998 Haïtienne Pandan li t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo vini, yo manje yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Pandan l ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo nan syèl vini, yo manje grenn yo. |
Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la.
Se sila ki akote wout yo, ke lè pawòl la fin simen, yo tande. Men byen vit, Satan vin pran pawòl ki te simen an, e rachte l soti nan yo.
“Lòt grenn te tonbe nan wòch kote pa t gen anpil tè. Byen vit, li te leve, paske tè a pa t gen pwofondè.
“Sila yo akote wout la se sila yo ki te tande; epi dyab la vin rache pawòl la nan kè yo, pou yo pa kwè e vin sove.
“Semè a te sòti pou simen semans li; e pandan li t ap simen, kèk te tonbe akote wout la; epi yo te vin foule anba pye, e zwazo anlè yo te manje yo.