Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon gwo èg ak gwo zèl, gwo zèl louvri ak anpil bèl plim de anpil koulè te vini Liban, e te rache pran tèt pye sèd la.
“‘“Men te gen yon lòt gwo èg ak gwo zèl ak anpil plim. Epi gade byen, lyann sa a te koube rasin li yo vè li menm e te voye branch yo deyò vè li menm soti nan tè kote li te plante a, pou l te ka wouze li.