Mak 4:39 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm. 1998 Haïtienne Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: — Pe la. Li di dlo a: — Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gwo kalmi. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè Jezi reveye, li pale fò ak van an epi li di lak la: “Silans! Rete trankil!” La menm, van an fè silans, epi tout bagay rantre nan lòd. |
SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an. Wi, SENYÈ a chita kon Wa jis pou tout tan.
Epi pou ou menm, leve baton ou an anlè. Lonje men ou sou lanmè a pou fann li. Konsa, fis Israël yo va pase nan mitan lanmè a sou tè sèch.
Fis Israël yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch, e dlo a te vin tankou yon miray pou yo sou men dwat yo ak sou men goch yo.
lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li, lè Li te make tras fondasyon tè a;
Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’
Li Repwoche lanmè a, e fè l vin sèch. Li fè larivyè yo vin sèch. Basan ak Carmel seche; flè a Liban yo vin fennen.
Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.
Jésus Li menm te nan pwent dèyè kote L t ap dòmi sou yon kousen. Yo te fè L leve e te di Li: “Mèt, èske sa pa fè Ou anyen ke n ap mouri?”
Lè Jésus te wè yon foul moun t ap rasanble, Li te reprimande move lespri a. Li te di L: “Ou menm lespri soud e bèbè, Mwen kòmande ou, sòti nan li, e pa antre nan li ankò.”
Jésus te reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.
Konsa Li te kanpe anwo li; Li te reprimande fyèv la. Fyèv la te kite li, epi imedyatman li te leve pou sèvi yo.
Yo te vini a Jésus e yo te fè L leve. Yo te di: “Mèt, Mèt, n ap peri!” Lè L vin leve, Li te reprimande van an avèk gwo lam lanmè yo, e yo te sispann. Konsa, tan an te vin kalm.