Apre Li voye foul la ale, Li te monte nan yon kannòt e te ale nan rejyon Magadan nan.
Mak 3:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te di disip Li yo ke yon kannòt ta dwe prepare pou Li, akoz gran foul la, pou yo pa peze L twòp. 1998 Haïtienne Jezi mande disip yo mete yon kannòt apa pou li dekwa pou foul la pa kwense li twòp. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Alò Jezi di disip li yo pou yo pare yon ti bato pou li pou foul la pa ta antoure l twòp. |
Apre Li voye foul la ale, Li te monte nan yon kannòt e te ale nan rejyon Magadan nan.
Li te kòmanse enstwi yo ankò bò kote lanmè a. Yon gwo foul te ransanble kote Li jiskaske Li te vin antre nan yon kannòt sou lanmè a e Li te chita. Tout foul la te kanpe atè bò lanmè a.
Yo te kite foul la e te pran Li avèk yo jan Li te ye nan kannòt la. Anplis, te gen lòt kannòt ki te avèk Li.
Lè Li te fin sòti nan kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li.
Nan menm moman an, Jésus te santi nan Li menm ke pouvwa a te kite L. Li te vire kote foul la e te di: “Kilès ki te touche vètman Mwen an?”
Alò, li te vin pase ke foul la t ap peze sou li pou koute pawòl Bondye a, lè L t ap kanpe akote lak ke yo rele Génésareth la.
Li te antre nan youn nan kannòt yo ki te pou Simon, e Li te mande li pou mete yo a yon ti distans de tè a. Li te chita, e te kòmanse enstwi foul la depi nan kannòt la.
Lè Jésus apèsi ke yo gen lentansyon pou te vin pran L pa lafòs pou fè L wa, Li te retire kò Li ankò, epi ale nan mòn nan pou kont Li.