Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 3:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 avèk Jérusalem, Idumée ak lòtbò Jourdain an ak landwa Tyr avèk Sidon. Yon gwo foul moun ki te tande tout sa Li t ap fè, te vin kote Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 moun lavil Jerizalèm, moun peyi Idime, moun peyi lòt bò larivyè Jouden an, moun nan vwazinay lavil Tir ak lavil Sidon. Tout foul pèp sa a te vin jwenn li paske yo te tande tou sa l t'ap fè.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Te gen moun ki sòti nan Jerizalèm, nan Idime, lòt bò rivyè Jouden an ak nan zòn Tir ak Sidon ki t ap swiv li tou. Se te you gwo foul moun. Yo te vin wè Jezi paske yo te tande sa li t ap fè.

Gade chapit la Kopi




Mak 3:8
18 Referans Kwoze  

Fi Tyr la va vini avèk yon kado. Moun gwo riches pami pèp yo k ap chache favè ou.


Mwen va mete Rahab avèk Babylone pami sila ki rekonèt Mwen yo. Men vwala, Philistie, Tyr, avèk Éthiopie: “Tèl moun te fèt la”.


Paske nepe Mwen bwe ase nan syèl la. Gade byen, li va desann pou jije Édom ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo.


Jan ou te rejwi sou eritaj lakay Israël akoz li te dezole a, se konsa Mwen va fè ou menm. Ou va vin yon dezolasyon, O Mòn Séir! Ak tout Édom, yo tout ladann. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”


akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Anverite nan dife a jalouzi Mwen, Mwen te pale kont tout rès nasyon yo e kont tout Édom, ki te konfiske peyi Mwen an pou yo menm tankou yon posesyon ak yon kè ki plen ak jwa e yon nanm ki plen ak mepriz, pou yo ta ka sezi chan li yo kon piyaj.”’


Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann.


Gran foul la te swiv Li soti Galilée, Decapolis, Jérusalem avèk Judée e rive jis lòtbò Jourdain an.


Jésus te leve e te pati pou rejyon Tyr la. Lè Li te antre nan yon kay, Li pa t vle pèsòn konnen sa, men Li pa t kab evite atire atansyon.


Ankò Li te kite rejyon Tyr la, e te pase pa Sidon jiska lanmè Galilée a, nan rejyon Decapolis.


Jésus te desann avèk yo, e Li te kanpe nan yon kote pla. Te gen yon gwo foul disip Li yo, ak yon gwo foul moun ki te sòti nan tout Juda avèk Jérusalem, avèk zòn kot Tyr avèk Sidon.


Koulye a, tiraj osò a pou tribi fis a Juda yo selon fanmi pa yo te rive nan lizyè Édom an, desann nan sid pou rive nan dezè Tsin nan pwent ki plis nan sid la.


Alò, vil nan tribi fis Juda yo, pi lwen vè fwontyè Édom an nan sid la te Kabsteel, Éder, avèk Jagur,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite