Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Béelzébul menm ki pran L. Li chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.
Mak 3:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske yo t ap di ke “Li gen yon move lespri”. 1998 Haïtienne Jezi te pale konsa paske yo t'ap di: — Li gen yon move lespri sou li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi te di sa paske doktè Lalwa yo te akize l, lè yo di se yon move zespri ki te nan li. |
Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Béelzébul menm ki pran L. Li chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.
men nenpòt moun ki blasfeme kont Lespri Sen an p ap janm gen padon, men yo va rete koupab de yon peche etènèl.”
Alò, manman Li, avèk frè Li yo te rive kanpe deyò a, yo te voye kote Li e te rele Li.