Mak 2:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Fis a Lòm nan se Mèt la, menm a Saba a.” 1998 Haïtienne Konsa tou, mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, se mwen ki mèt jou saba a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil konsa, Pitit Lòm nan se chèf jou repo a.” |
Li te di yo: “Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.
Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”
Pou sa, kèk nan Farizyen yo t ap di: “Nonm sa a pa sòti nan Bondye, paske Li pa kenbe Saba a.” Men lòt t ap di: “Kijan yon mesye ki se yon pechè kapab fè tout mirak sa yo?” Epi te gen yon divizyon pami yo.
Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la,
Mwen te nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa tankou son a yon twonpèt,