Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 2:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Jésus te di yo: “Saba a te fèt pou lòm, e pa lòm pou Saba a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Jezi di yo ankò: — Saba fèt pou moun. Se pa moun ki fèt pou saba.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Jezi di yo ankò: “Saba te fèt pou moun, men se pa moun ki te fèt pou saba,

Gade chapit la Kopi




Mak 2:27
13 Referans Kwoze  

Pandan sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.


“Si, nan Saba a, ou vire pye ou, pou sispann fè pwòp plezi pa ou nan jou sen Mwen an, e rele Saba a yon gwo plezi, epi jou sen a SENYÈ onorab, e bay li onè, olye chache chemen pa ou, olye pwòp plezi pa ou, ak pale pwòp pawòl pa w,


Anplis, Mwen te bay yo Saba Mwen yo pou vin yon sign antre Mwen menm ak yo, pou yo ta ka konnen ke Mwen se SENYÈ ki sanktifye yo a.


Sanktifye Saba Mwen yo. Konsa, yo va vin yon sign antre Mwen menm ak nou, pou nou ka konnen ke Mwen se SENYÈ Bondye nou an.’


Konsa, Fis a Lòm nan se Mèt la, menm a Saba a.”


Jésus te di yo: “Mwen mande nou, èske se pèmi nan Saba a, pou fè byen, oubyen pou fè mal? Pou sove yon vi, oubyen pou detwi li?”


Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.


Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.


‘Obsève jou Saba a pou kenbe l sen, jan SENYÈ a Bondye nou an te kòmande nou an.


men setyèm jou a, se yon Saba a SENYÈ Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay, ni nou menm ni fis nou, ni fi nou, ni sèvitè nou, ni sèvant nou, ni bèf kabwèt nou, ni bourik nou, ni okenn nan bèf nou yo, ni etranje ki vin demere pami nou, pou sèvitè avèk sèvant lan kapab pran repo menm jan ak nou.


Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite