Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 15:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men Jésus pa t reponn anplis, jiskaske Pilate te etone.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men Jezi pa reponn anyen toujou. Sa te fè Pilat sezi anpil.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Malgre sa, jezi pa janm reponn anyen. Pilate te sezi wè sa.

Gade chapit la



Mak 15:5
10 Referans Kwoze  

Mwen parèt kon yon mèvèy pou anpil moun, men se Ou ki fò refij mwen.


Li te vin oprime e aflije; malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li. Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa, e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila k ap taye lenn li yo, konsa Li pa t ouvri bouch Li.


Gade byen, mwen menm ak pitit ke SENYÈ a te ban mwen yo se pou sign ak mèvèy an Israël ki sòti depi nan SENYÈ Dèzame yo, ki demere sou Mòn Sion.


Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an Scion an.


Lè Li te akize pa chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo, Li pa t reponn.


Li pa t reponn li menm a yon sèl akizasyon. Gouvènè a te byen etone pou sa.


Pilate t ap kesyone L toujou. Li te di: “Kòmsi Ou pa reponn? Ou pa wè konbyen akizasyon y ap pote kont Ou?”


Li te kesyone Li anpil, men Li pa t reponn li menm.


Li te lantre ankò nan tribinal la e te di a Jésus: “Kote Ou soti?” Men Jésus pa t reponn li.


Paske mwen panse ke Bondye te fè nou menm kòm apot pi ba ke tout; tankou moun ki kondane a lanmò, paske nou te gen tan vin yon spektak pou mond lan, ni pou zanj yo, ni pou moun.