Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 71:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Mwen parèt kon yon mèvèy pou anpil moun, men se Ou ki fò refij mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Lavi m se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k'ap pwoteje m ak tout fòs ou.

Gade chapit la Kopi




Sòm 71:7
14 Referans Kwoze  

Paske Ou te yon refij pou mwen, yon fò ki wo, yon gran fòs kont lènmi yo.


Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye. Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.


Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la. Vide kè nou devan Li. Bondye se yon refij pou nou.


Moun nan pozisyon ba yo se se sèl yon souf nan van. Moun ki plase wo yo se manti. Nan pèz balans yo, se monte, yap monte. Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.


Gade byen, mwen menm ak pitit ke SENYÈ a te ban mwen yo se pou sign ak mèvèy an Israël ki sòti depi nan SENYÈ Dèzame yo, ki demere sou Mòn Sion.


O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an e sekou mwen an nan jou gwo malè a, vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè. Yo va di: “Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti sa ki pouriyen, san enpòtans e san benefis.”


Zanj SENYÈ a ak vwa solanèl te asire Josué. Li te di:


Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an Scion an.


Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: “Veye byen, anfan sila a fèt pou tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon.


Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.


Paske mwen panse ke Bondye te fè nou menm kòm apot pi ba ke tout; tankou moun ki kondane a lanmò, paske nou te gen tan vin yon spektak pou mond lan, ni pou zanj yo, ni pou moun.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite