Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 14:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, disip yo te sòti e te vini nan vil la. Yo te twouve l jan ke Li te eksplike yo a. Konsa, yo te prepare Pak la la.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Disip yo pati, yo rive lavil la. Yo jwenn tout bagay jan l te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Disip yo sòti, yo ale nan vil la. Yo jwenn tout bagay jan Jezi te di yo a. Se kon sa yo prepare manje pou fèt Pak la.

Gade chapit la



Mak 14:16
6 Referans Kwoze  

Mwen te fè sa konsa jan mwen te kòmande a. Nan lajounen, mwen te mennen bagaj mwen deyò, tankou bagaj a yon egzile. Epi nan aswè, mwen te fouye yon twou nan miray la ak men m. Mwen te sòti deyò nan fènwa a e te pote li sou zepòl mwen pou yo ta ka wè l.


Li menm va montre nou yon gran chanm anlè, byen founi e prè. Prepare pou nou la.”


Lè li te fènwa, li te vini avèk douz yo.


Yo te pati e te twouve tout bagay jan li te di yo a. Yo te prepare Pak la.


Li te di yo: “Lè Mwen te voye nou deyò san bous, ni sak, ni sapat la, nou pa t manke anyen; se pa sa?” E yo te di: “Non, anyen”.


Men bagay sa yo Mwen te pale nou an pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.