Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 16:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Men bagay sa yo Mwen te pale nou an pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Men, mwen di nou sa, se pou lè lè a va rive pou yo fè nou sa nou ka chonje mwen te di nou sa. — Mwen pat di nou tou sa anvan, paske mwen te la avèk nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Men mwen di nou sa pou lè jou a rive nou ka sonje m te di nou sa. Mwen pa t pale sou pwoblèm ki gen pou vini yo depi nan kòmansman, paske m te la avèk nou.

Gade chapit la Kopi




Jan 16:4
15 Referans Kwoze  

E koulye a Mwen gen tan di nou avan li rive, pou lè l rive, nou kapab kwè.


Men fè atansyon, gade byen, Mwen te di nou tout bagay davans.


“Depi koulye a, M ap di nou avan li rive, pou lè li rive, nou kapab kwè ke Mwen menm se Li.


Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn.


Jésus te di yo: “Pandan jenn gason k ap marye a avèk yo, èske patisipan fèt yo fè jèn? Non, depi jennonm nan la, yo pa kapab fè jèn.


Veye, Mwen avèti nou davans.


avèk konesans ke moman pou mete akote kay tèrès mwen an toupre kòm osi Jésus Kri te fè m byen konprann nan.


Paske Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”


Pandan n ap prale, preche epi di: ‘Wayòm syèl la prèt pou rive.’


jis jan ke yo te lonje bay a nou menm pa men a sila yo, ki depi nan kòmansman an te wè avèk pwòp zye yo, e kon sèvitè a pawòl la, te fè nou konnen yo.


Èske nou pa sonje lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite