Mak 13:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pandan Li te chita sou Mòn Oliv la, anfas tanp lan, Pierre avèk Jacques e Jean ak André t ap kesyone L an prive. 1998 Haïtienne Jezi te chita sou mòn Olivye, vizavi Tanp lan. Pyè, Jak ak Andre te poukont yo ak li. Yo poze li keksyon sa a: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Apre sa, Jezi te chita sou Montay Olivye a, anfas tanp lan. Pyè, Jak, Jan ak Andre vin kote l apa pou yo poze l kesyon sou sa li te di yo. |
Apre sa, Li kite foul la e Li te ale nan kay la. Disip Li yo te vin kote l pou di: “Eksplike nou parabòl konsènan zèb pikan nan chan an.”
Sis jou pita, Jésus te pran Pierre, Jacques ak frè li, Jean pou kont yo, e te mennen yo sou yon mòn byen wo.
Lè yo te pwoche Jérusalem pou rive kote Bethphagé nan Mòn Oliv la, Jésus te voye de nan disip li yo,
Pandan Li t ap chita sou Mòn Oliv la, disip Li yo te vin kote Li an prive. Yo te mande L: “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e ki sign k ap fè nou konnen ke Ou ap vini, e k ap enfòme nou sou fen tan yo?”
Jacques, Jean, avèk de fis Zébédée yo te vin kote L. Yo te di L: “Mèt, nou vle ke Ou fè pou nou nenpòt sa ke nou mande Ou”.
“Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e kisa k ap yon sign pou lè tout bagay sa yo va akonpli.”
Li pa t pale avèk yo san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.
Sis jou pita, Jésus te pran avè L, Pierre, Jacques, avèk Jean, e te mennen yo sou yon mòn wo pou kont yo. La, devan yo, Li te transfòme nan yon lòt fòm.