Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 13:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Apre sa, Jezi te chita sou Montay Olivye a, anfas tanp lan. Pyè, Jak, Jan ak Andre vin kote l apa pou yo poze l kesyon sou sa li te di yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Jezi te chita sou mòn Olivye, vizavi Tanp lan. Pyè, Jak ak Andre te poukont yo ak li. Yo poze li keksyon sa a:

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Pandan Li te chita sou Mòn Oliv la, anfas tanp lan, Pierre avèk Jacques e Jean ak André t ap kesyone L an prive.

Gade chapit la Kopi




Mak 13:3
13 Referans Kwoze  

Disip Jezi yo pwoche bò kote li epi yo di li: “Pou kisa ou sèvi ak parabòl pou pale ak moun yo?”


Apre sa Jezi voye foul moun yo ale lakay yo, epi li tounen lakay li. Disip li yo pwoche bò kote li, yo di l: “Ba nou yon ti eksplikasyon sou parabòl zèb nan jaden ble a.”


Sis jou apre sa, Jezi te mennen Pyè, Jak ak Jan sou yon tèt mòn byen wo. Se te mesye sa yo sèlman ki te avèk Jezi.


Jezi ak disip li yo te rive toupre Jerizalèm. Yo te rive Bètfaje nan zòn mòn Olivye a. Lè sa a, Jezi te voye de nan disip li yo.


Pandan Jezi chita sou mòn Olivye a, disip li yo vin kote l an prive. Yo mande l: “Di nou ki lè bagay sa yo gen pou rive? Di nou tou ki siy k ap anonse retou ou ak lafendimond?”


Apre sa, Jak ak Jan pitit gason Zebede yo te vini kote Jezi epi yo di li: “Mèt nou ta vle ou fè yon bagay pou nou.”


Yo mande l: “Di nou non, ki lè bagay sa yo gen pou rive? E ki siy k ap montre nou bagay sa yo prèt pou rive?”


Li pran Pyè, Jak, Jan ak li. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere.


Li pa t janm di yo yon bagay san li pa sèvi ak yon istwa pou fè moun reflechi. Men lè l te pou kont li ak disip yo li te eksplike yo tout istwa yo.


Jezi kite sèlman Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, swiv li.


Sis jou apre sa, Jezi te mennen Pyè, Jak ak Jan sou yon tèt mòn byen wo. Se te mesye sa yo sèlman ki te avèk Jezi. Epi devan disip yo li te kòmanse transfòme.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite